[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31] [32] [33] [34] [35] [36] [37] [38] [39] [40] [41] [42]
1:1 ¶ Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen. 1:2 Li te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi. 1:3 Li te gen sètmil (7.000) mouton, twamil (3.000) chamo, mil (1.000) tèt bèf, senksan (500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a. 1:4 ¶ Pitit gason Jòb yo te konn reyini yonn lakay lòt pou fè gwo resepsyon. Konsa, yo chak te gen jou pa yo. Yo te toujou envite twa sè yo vin manje, vin bwè ansanm ak yo tou. 1:5 Chak lè yo fin fete konsa, Jòb fè yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fè sa, paske li t'ap di nan kè l': Ou pa janm konnen. Pitit gason myo ka fè peche, yo ka di sa yo pa tdwe di sou Bondye, san yo pa fè espre. 1:6 ¶ Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo. 1:7 Seyè a mande lkonsa: -Kote ou soti? Satan reponn: -Msot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade! 1:8 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè mlan? Pa gen tankou lsou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. 1:9 Satan reponn li: -Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a? 1:10 Ou toujou pwoteje l', li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a. 1:11 Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, mgaranti ou, l'ap di sa lpa tdwe di sou ou nan figi ou! 1:12 Seyè a di Satan: -Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen lyo. Men, mtou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale. 1:13 ¶ Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jòb yo te nan gwo resepsyon kay pi gran frè a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven. 1:14 Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di lkonsa: -Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre, 1:15 lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. 1:16 Msye pa tankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa. 1:17 Msye pa tankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: -Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, yale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. 1:18 Msye t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa: -Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan, 1:19 lè yon sèl gwo van tanpèt leve soti nan dezè a. Li kraze kay la, li touye tout moun. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. 1:20 ¶ Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò latè, li bese tèt li. 1:21 Epi li di: -San anyen msoti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a! 1:22 Malgre tout malè sa yo ki te rive l', Jòb pa tfè ankenn peche, ni li pa janm di sa li pa tdwe di sou Bondye.