[1] [2] [3] [4] [5] [6] [7] [8] [9] [10] [11] [12] [13] [14] [15] [16] [17] [18] [19] [20] [21] [22] [23] [24] [25] [26] [27] [28] [29] [30] [31]
1:1 ¶ Te gen yon nonm, moun branch fanmi Efrayim, ki te rele Elkana. Li te rete lavil Rama nan mòn peyi Efrayim. Se te pitit Jewokam, pitit pitit Eliyou, nan fanmi Tokou, nan branch fanmi Zouf la. 1:2 Elkana te gen de madanm, yonn te rele Ana, lòt la te rele Penina. Penina te fè pitit pou li. Men, Ana pa tgen pitit. 1:3 Chak lanne, Elkana soti lavil Rama, li moute lavil Silo pou lal fè sèvis pou Seyè ki gen tout pou vwa a, pou ltouye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Seyè a lavil Silo. 1:4 Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Seyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo. 1:5 Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen lanpil, atout Seyè a pa tba li pitit. 1:6 Penina menm te toujou ap giyonnen Ana pou fè lwont, paske Seyè a pa tba li pitit. 1:7 Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Seyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè lfache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen. 1:8 Elkana, mari li, di lkonsa: -Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m', se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason. 1:9 ¶ Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Seyè a. 1:10 Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Seyè a, dlo t'ap koule nan je l'. 1:11 Li fè Seyè a yon pwomès, li di lkonsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban myon pitit gason, m'ap mete lapa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li. 1:12 Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Seyè a, Eli t'ap gade bouch li. 1:13 Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l'. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pa tka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou. 1:14 Li di lkonsa: -Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Soti al desoule ou yon lòt kote! 1:15 Ana reponn li: -Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni ankenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè mbay Seyè a. Se rakonte m'ap rakonte Seyè a lapenn mwen. 1:16 Tanpri, mèt! Pa pran mpou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m'. 1:17 Lè sa a, Eli reponn li: -Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou lba ou sa ou mande lla. 1:18 Ana reponn li: -Mespere ou p'ap janm bliye m'! Epi li leve, lal fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pa tmenm moun lan ankò. 1:19 ¶ Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Seyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Seyè a fè pou Ana sa li te mande lla. 1:20 Se konsa Ana vin ansent. Lè lè a rive pou lakouche, li fè yon pitit gason. Li rele lSamyèl, paske li te di: Mwen te mande Seyè a li. 1:21 Apre sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Seyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Seyè a. 1:22 Men Ana pa tale. Li di mari lkonsa: -Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen lnan Tanp Seyè a kote li pral rete pou tout tan. 1:23 Elkana, mari li, di l': -Fè sa ou wè ki pi bon an. Rete non jouk w'a fin sevre l'. Tansèlman, se pou Seyè a fè sa li te di a rive vre. Se konsa Ana rete pou lpran swen ti bebe a jouk li sevre l'. 1:24 Apre li fin sevre pitit la, li mennen llavil Silo. Li te pran avè lyon ti towo bèf twazan, yon barik farin, yon sak an po bèt plen diven. Li mennen ti gason an nan tanp Seyè a, lavil Silo, atout li te tou piti toujou. 1:25 Yo touye ti towo a, epi yo mennen ti gason an bay Eli. 1:26 Ana di l': -Eskize mwi, mèt. Ou pa chonje ki moun mwen ye? Menm jan ou vivan an, se mwen menm fanm ou te wè ki te kanpe bò kote ou la yon jou ap lapriyè Seyè a. 1:27 Mwen te mande lpou lte ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa mte mande lla. 1:28 Se konsa mvin mete lapa pou lka viv pou Seyè a ase jouk li mouri. Apre sa, yo adore Seyè a la nan tanp lan.